Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
pye pòm zetwal
Yon moun yo vle raple premye moman yo kòman sa te bèl relasyon an vin dejenere.
Si pa gen detounè lajan/machann fwod/ moun k ap resevwa machandiz yo vòlè, pa gen vòlè.
Kiryozite ak kalomnye se marasa.
Yon moun ki gen gwo pwojè ki pa vle esplike ak pesonn moun li.
Yon moun ou egzote pou l ka panse ak bagay ki gen pou vini yo.
Si ou pa t leve tèt ou gade syèl la/fikse syèl la, ou pa t ap wè lè tan an twoub anvan lapli tonbe. "Si ou pa t ap gade m, ou pa t ap remake m ap gade w."
Tanbou a fouye nan bwa a; se lakay li li vin/yo bat li/yo jwe li. "Nenpòt bagay ka rete sekrè pou yon tan; l ap devwale yon lòt lè."
Moun ki pa manje poukont yo/egoyisman pa janm grangou. "Moun ki pataje ak lòt moun toujou gen yon bagay pou yo manje."
Se lè w komanse byen ak yon moun ou konnen li gen sekre ki nan fon kè l.