Pa gen moun ki endispansab.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Depi se kote ki gen manje ou jwenn moun la kote ki gen lajan fòk gen ava.
Se foli moun fèb k'ap ri moun fò a.
Gen anpil dlo ki dwe koule sou baraj la toujou. Gen yon bon bout chemen pou ale toujou.
Sa youn fè, lòt la pwofite ladan l.
Moun fou a devan; moun ki dèyè yo pa konnen. Moun k ap dirije yo ka nan move direksyon, epi moun k ap swiv yo pa konnen sa.
Genyen pa anpeche ou manke. Richès kounye a pa garanti pwosperite nan lavni.
Lè yon nèg ap montre li twò fò li poze vye aksyon ki dwòl anpil.
Kabrit ka sote tout sa yo vle; se devan dife a yo grate tèt yo.