Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Gen anpil dlo ki pou kouri ankò

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1456 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Kabrit ki gen anpil mèt mouri nan solèy

Lè yon moun gen anpil moun k ap pran swen l osinon yon bagay gen anpil moun k ap dirijel li fè l soufri plis.

Krinolin kache anpil peche byen, men nan tan van, li mete anpil janm bagèt deyò

Rad kache anpil peche, men lè van an soufle, li mete anpil janm mèg an evidans.

Gen anpil dlo ki pou kouri ankò

Gen anpil dlo ki dwe koule sou baraj la toujou. Gen yon bon bout chemen pou ale toujou.

Kote ki gen anpil kòb, gen anpil moun

Lajan atire moun tankou mouch.

Chyen ki gen anpil mèt toujou dòmi san soupe

Lè yon moun gen anpil moun li gen posibilite pou bagay yo pa mache twò byen le youn konte sou lot.

Grate kwi anpil fè kwi kreve

Grate gode a anpil ap fè yon twou ladan l/li ize.

Pawòl anpil mennen kont

Pale anpil mennen nan opozisyon/goumen.

Anbisyon pou gen lajan rann anpil moun chyen

Lanvi pou lò transfòme anpil moun an bèt.