Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Fè atansyon ak dlo ki pa koule.
Avan ou kritike yon moun pou fason l fòk ou kwè fason w ap mennen kò w lan bon nèt ale.
Yon moun ki konn abitye fè bon bagay men moun li fè yo pa fè l menm jan avè l se menm jan tou yon manman ak yon papa ki fè pitit ki pa gen menm santiman avèk yo.
Bagay yo pa janm kote ou bezwen yo.
Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.
Li montre w ke pou pa bay lajan plis enpòtans ke moun.
Yon moun ki bèl ki anfòm sa pa vle di li pa malad se pou pa ta pran nan aparans.