Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè dlo larivyè a ap monte, ou pa mete pye w ladan l. Lè chèf ou/bòs ou fache, ou pa kontredi l.
Lè yon moun fè yon bagay tou piti ki tounen yon gwo bagay.
Moun ki gen anpil fòs abitye pèdi batay alewè pou moun ki gentan fin lapipi ki pa kapab ankò.
Lè yo fè w wont pou yon bagay ou te prete sa fè w achte pa w tousuit.
Lè w ap tann soupe lakay yon zanmi, ou pral kouche ta.
Pòv vizite rich, rich pa vizite pòv. Moun ki nan bezwen, al jwenn moun ki genyen. Ti nonm lan al lakay gran nonm lan. "Pa gen sèlman de fanmi sou latè: moun ki genyen ak moun ki pa genyen." Sancho Panza .
Lè ou pa gen anpil lajan, ou manje sa ou jwenn.
Di chaplè a pa nesesèman vle di ou se yon moun ki devwe.
Si yon nèg di li ka fè yon bagay pa di l manti.
Pa mache ap fè sa lòt moun ap fè sèlman.
Yon moun ki vle pran anpil pasyans pou li ka fè yon travay byen.
Moun ki toutouni ap travay pou moun ki mete yon sentiwon sou ren.
Repo se pi bon remèd la.