Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: Pami diri, ti wòch goute grès.
Lè ou wè vye zo/moun sa a sou wout la, ou dwe konnen ke li te gen chè sou li yon jou. Vye moun sa a ki te kraze a te yon moun vre yon lè—pa pase l nan rizib.
Moun ki vrèman bezwen dife ap fouye dwèt li nan sann lan pou l jwenn li.
Yon ti kous, se kenbe tete yo. Yon gwo kous long, lage tete yo. "Nan danje iminan ou bliye tout bagay."
Pi bon an se lènmi byen an.
Yon moun ki konn abitye fè yon bagay menm si l gen lontan pa fè l li pa fasil pou l bliye sal te konn fè a.
Lè w gen yon moun pa w gen yon bagay ki rivel sa dwe fè w mal anpil.