Sirèt ou renmen an, se li ki fini ak lajan ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, E Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. Pwovèb 19:17 Tradiksyon Monn Nouvo
Yon gwo non touye ti chen/ti chen an. Twòp selèbrite ka move.
Di chaplè a pa nesesèman vle di ou se yon moun ki devwe.
Pou egzote yon moun k ap sevi mal ak timoun. osinon pou pa ta pini yon timoun pou nenpot ti bagay li fe.
Moun ki pa gen pwoteksyon nenpot moun ka fè l nenpot bagay.
Sa k genyen ak rivyè a/Sa rivyè a genyen twòp pou najè lesiv la. "Sa m tande a, mwen pè se twòp pou m pale de li."
Kòlè pa touye vwazen ou yo, se ou menm ki blese.
Yon ti kous, se kenbe tete yo. Yon gwo kous long, lage tete yo. "Nan danje iminan ou bliye tout bagay."
Li pi bon yo ba ou pou veye/kenbe yon barik rat pase yo ba ou pou veye tifi.
var: Moun ki ba ou konsèy achte cheval plenn nan sezon lapli, pa ede w nouri l lè dizèt.
Se lè van an ap soufle ou ka wè dèyè poul la. Se sèlman nan sikonstans byen espesyal verite yon moun parèt.
"Pa gen anyen ki pi bon pase yon kire dant."
Verite a tankou lwil, li toujou monte an sifas.