Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Tel papa tel pitit gason.
Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.
Lanmou yon manman se pou tout tan.
Si makak la di w li pral ba w yon kou/frape w ak yon wòch, konnen wòch li a nan men l. "Si makak la di w li pral kraze tèt ou, ou mèt sèten li gen wòch la pare."
Yon moun ki gen doub pesonalite ki pote yon bon non k ap fè aksyon mechan.
Doulè règ yo se pa doulè akouchman.
Lè w nan lavil Wòm, fè tankou Women yo.
Yon moun ki abitye fè yon bagay depil kwense l ap degajel kanmenm.
Sa mande pou w pran prekosyon lè w ap kajole yon moun.
Yon moun ki pa pè difikilte ni presyon sa y ap fè a pa ka retire fòs li genyen ni pozisyon non plis.
Flè yo toujou nouvo. Toujou fre nan aparans.
Si ou manje vyann nan, ou oblije fè tout sa, ale jis nan bout.