Si ou chita ou tande; si ou mache ou ap wè.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Avoka tankou sizo; se moun ki nan mitan an yo koupe a.
Vòlè se yon tach lèd ki pa janm ka retire.
Lè yon moun gen bon kalite yo pa bezwen temwanye pou li.
De moun ki entèlijan pa kapab gouvène menm kote osinon rete nan menm kay.
Lajan pale.
Pa enkyete w pou sa ou pèdi a, w ap jwenn yon bagay/yon lòt moun ki de fwa pi bon.
Bouch granmoun nan gen sant tabak, men sa ki ladan l se verite a.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Pran yon bwè, men omwen mete veso a nan plas li.
Se lespri a ki dirije kò a.
Madanm ou lèd, enben li se pou ou nèt .