Gen tan pou Bondye e gen tan pou nou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou montre grangou se yon bagay ki di anpil.
Yon chen vivan pi bon pase yon lyon mouri.
Ou dwe aksepte bon an ak move a.
Doulè règ yo se pa doulè akouchman.
Lajan se yon bon bagay, men ou bezwen zanmi tou.
var: a) Rat kay k ap manje pay kay. b) Rat kay manje panno kay. <br>par: Chik nan sann.
Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.
Lè yo vle touye yon chen, yo di se fou.
Jere pwòp kay ou se yon bagay, jere kay yon lòt moun se yon lòt bagay. Li pi fasil pou jere pwòp zafè pa ou pase zafè lòt moun.
Se foli moun fèb k'ap ri moun fò a.
Bèt ki pote kabwèt yo pa konnen sa k ap pase nan labatwa a.