Lè yon gason ap danse ak yon fi epi fi a pa vle kole ak li.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Manyen ak prekosyon!
Si Lame a kreye w, se Lame a k ap detwi w.
Moun ki pi wo a pran pi gwo tonbe/mete a.
Chak moun gen yon jou ki pote kichòy ki bon pou yo osinon ki pote sa ki mal.
Aparans twonpe. Sa ou wè a pa toujou sa ou jwenn.
Jou gwo dife a , w ap wè konbyen fatra ki nan yon kay.
Moun entelijan an voye moun sòt la nan mache, moun sòt la pran avantaj sou moun entelijan an.
Lè w prè pou ou delivre se lè sa bagay yo vin pi di.
De mesye tranpe anba lapli; gen youn ki nan pi move sitiyasyon. Malè frape chak moun yon fason diferan.
Aksepte yon fanm fasil, se sipòte l ki pa fasil.
Nenpòt chanjman ap mennen nan dezòd.
Rale yon zam se bon, repouse yon zam se pi bon.