Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Sa ki pa touye ou, li angrese ou

Si li pa fè mal, li kapab gen yon leson oswa yon byenfè ladan l. <br>Yon lòt ki sanble avè l: Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt.

Lè ou pèdi, ou peche

Lè ou pèdi bagay, ou peche. "Lè ou pèdi bagay, ou gen anpil chans pou ou akize yon moun fo."

Kòfrefo pa swiv kòbiya

Kòf fò a pa swiv machin fineray la. "Apre lanmò w ap kite tout bagay dèyè." Ou pa ka pran l avèk ou.