Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou. "Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou." ... pa devwale sekrè ou yo... pa ka dekouvri yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Chen an pa manje bannann plenn , men li pa vle poul la pike l.
Lew piti se pou rete nan wòl piti pou pa pran nan pyèj sa ta vle di pou pa ta kale kow devan moun ki pi gran pasew.
Pou montre ke ou pa konnen tout bagay.
Moun ki pa la a, pòsyon manje pa l la non plis. Moun ki absan yo pa gen dwa.
Li pi bon pou dlo a tonbe; kalbas la rete. "Li pi bon pèdi tibebe a pase pèdi manman an."
“Pale franse” pa bay/voye yon moun nan mache a. “Sispann pale, al travay.” oubyen “Pale franse pa peye.”
Sousi yo te la anvan bab la, men bab la vin blan anvan.
Lèd men vivan.
Kote yo gen zo, pa gen dan.