Nan limyè chandèl, kabrit yo sanble ak demwazèl.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Anpil bri pou granmesi.
Se lè van an ap soufle ou ka wè dèyè poul la. Se sèlman nan sikonstans byen espesyal verite yon moun parèt.
Chèche byen ak moun avan ou bezwen sèvis li se pa lè w bezwen sèvis li ou bezwen byen avè l.
Pa gen anyen ki pa bon.
Yon moun k ap ede yon lòt epi li fè ezijans pou fè plis pou li.
Tanbou a fouye nan bwa a; se lakay li li vin/yo bat li/yo jwe li. "Nenpòt bagay ka rete sekrè pou yon tan; l ap devwale yon lòt lè."
Pa gen chodyè pou kwit/bouyi move fanmi/fanmi.