Move zèb ou pa vle nan jaden ou an, se li k ap pouse lakay ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Maleng ouvè pa janm gen move sant pou mèt li/pwopriyetè li. "Pwòp maleng ouvè pa janm gen move sant."
Se nan fè jwèt timoun pwofite di granmoun sa k fè l ki mal.
Kouri pou/akoz lapli; tonbe nan dife. Soti nan mal pou vin pi mal. Soti nan chodyè a nan dife.
Ou dwe toujou tande konsèy moun ki pi gran pase w.
Fè anpil atansyon.
Mwen pa gen yon chodyè pou m pipi ladan l.
Distans fè mal nan amitye.
Chak move koupe sizo tayè a vin tounen yon nouvo mòd.
Ou pa dwe janm retire trip pou mete pay. Pa ranplase yon bagay ki gen valè ak yon bagay ki pa gen valè.