Chaj ou pa ka pote a, ou depoze l dousman.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Rat la kreye kòz/pwoblèm nan; leza a mouri inosan. Rat la manje kann nan, men se leza a yo blame.
Gen moun sòt ki pi gran pase lòt moun sòt. Gen degre foli ki egziste.
Se rat ki fè kaka li nan bwat dye mwen an, ki fè m chavire ak move chans. "Yon rat gate bwat dye mwen an." Se rat ki te kite poupou li sou lotèl lakay mwen an ki te gate chans mwen.
Yon moun ki fem sou desizyon kel pran e ki pésiste pou l akonplil.
Sitwon vèt la ka/konnen kijan pou l tonbe, li kite sitwon mi an. Pa sezi sa ki ka rive. Jèn yo ka mouri anvan granmoun yo.
Sonje lapli ki te fè mayi ou grandi. Se pou ou rekonesan.
Se pa pou yon ti zo mwen dwe rann omaj a yon chen. Pa rabese tèt ou.
Timalis pral lage tout pwoblèm li yo sou Bouki .
Yon ti lavi ki dire lontan pi bon pase yon gwo lavi. "Yon lavi senp pi bon pase yon lavi ekstravagan."