Bagay ki byen prepare pa gen mèt. Tout bagay ki twò pafè se pou premye moun ki vini an.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Tout bagay fèt pa lòd. “Mwen pa ka fè anyen san m pa resevwa yon lòd pou m fè li.”
Se bon bagay ki ra. "Yon bon bagay toujou ra/difisil pou jwenn."
Yon moun k ap gade kòman bagay yo ye avan li antre yon kote si bagay yo ap bon oubyen mal.
Tout bagay ap parèt aklè nan jou jijman an.
Nenpòt bagay ki an kantite pa janm bon. Kantite pa janm yon endikatè kalite.
Gen yon remèd pou tout bagay eksepte lanmò. Chak pwoblèm gen yon solisyon eksepte lanmò.
Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.
Vanite - n. Lè yon moun pa gen bagay esansyèl yo, li vle tout bagay ki pa gen twòp enpòtans.
Pou montre gen nèg ki santil pa alèz ak yon bagay poutan pwoblèm nan pa nan bagay la.
Yon moun ki abitye fè bon bagay konnen fè yon vye bagay epi yo pale sou sa anpil.
Avèk bon abitid, tout bagay posib.
Lè w gen kòmandman, se yon bagay dous, men li gen doulè li yo tou.
Kòmande se yon bagay dous, men li gen difikilte li yo.
Menm si yon moun gen anpil talan, li menm jan ak nou. Li mete aksan sou limanite komen kèlkeswa estati li.
Yon moun ki vle fè yon echanj yon bagay enpòtan pou yon bagay ki sa pa vo anyen.
Gen yon bagay pou fè pa kont move tan. Devwa se premye bagay, kèlkeswa kondisyon yo.
Maryaj se yon bagay serye. Li pa yon bagay ki pase rapid, ki pa tanporè, ki pa yon jou nan plaj.
Di tout bagay se yon jwèt. "Lè ou di tout bagay, y ap pase ou nan rizib."
Yon bagay piti osinon yon moun piti ki ka fè pi gwo bagay pase sa ki pi gran yo.
Lè bagay yo ap mache mal, menm ti bagay ka fè ou mal. Yon malè pa janm vini san yon lòt.
Gen yon tan fikse pou chak bagay k ap fèt.
Chak bagay nan tan li ak plas li.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Gen kèk bagay menm si w ekzije moun nan fè l li pap janm fè l li ka wè li enposib nan jan li konprann bagay yo.
Lè yon moun derefize pran yon bagay nan men yon lòt se pa move bagay li fè.