Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki pran yon echèk e ki deside kontinye nan lit la.
Yon moun ki gen yon administrasyon enpòtan ou osinon ki gen pitit pa dwe fè move bagay.
Si ou chita ou tande; si ou mache ou ap wè.
Fòk nou pa fè aparans konfyans
Ou dwe toujou tande konsèy moun ki pi gran pase w.
Fòse moun fè sa yo pa vle fè se tankou eseye ranpli lanmè a ak wòch. Se yon efò initil.
Yon moun yo estime ki pa ka fè yon bagay osinon li pa abitye fè yon baagay.
Ou dwe gen pasyans pou leve solèy mouri a. Pasyans esansyèl nan tout efò.
Chwazi yon kont pa difisil, se soutni agiman ou yo ki difisil.
Yon moun dwe pridan menm si w gen moun oubyen espri k ap veye w.
Vòlè se yon tach lèd ki pa janm ka retire.
Pa mete tout ze ou yo nan yon sèl panyen.
Si kalmason an te bon vyann, se pa nan mitan wout la yo t ap jwenn li. "Bon vyann pa janm vann bon mache."
var: Si ou pa t ap fikse lesyèl, ou pa ta wè tan mare. var: fikse, fiske
Lè yon gwo kay pran dife, kisa nou ka espere pou kwizin ki gen twati pay la? Si moun ki gen pouvwa oswa ki byen pwoteje yo soufri, moun ki mwens pwoteje yo an plis danje toujou.