Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun gen anpil moun k ap pran swen l osinon yon bagay gen anpil moun k ap dirijel li fè l soufri plis.
Tout sa ki klere/briye pa lò.
Sirèt ou renmen an, se li ki fini ak lajan ou.
Moun pi dispoze bay konsèy pase lajan. Moun pi lib ak kritik pase ak kredi.
Se moun ki pi sòt la ki pral oblije siveye lans motè a . Dènye moun ki rive atè a dwe siveye bato a.
Yon kou sipriz ka fè w pè, li p ap touye w.
Yon moun ki fè yon bagay avan lèl se posib li ka echwe ladan l.
Yon jèn moun pa gen dwa aji tankou yon jèn bèt.
Vòlè a vòlè vòlè a; dyab la ri.
Bonè pi enpòtan pase richès.