Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen konseye ki gen plis kouraj pase lòt. Se pa tout konsèy ki soti nan menm eksperyans oswa kouraj.
Pa regrèt ou te di lamarye a bèl twò bonè. Pa fè kè ou kontan twò bonè; gade kijan bagay yo ap fini anvan.
Kòk la bèl, men hibou a gen eksperyans.
Kabrit la di li se yon doktè; lè l ap mache, soulye l yo krake.
Yon aktivite ki pa mache ni twò byen ni twò mal.
Ou tann jiskaske koulèv la fin pase, apre sa ou rale baton an.
takèt latch
Si li pa pote l, l ap trennen l. Si li pa nan yon pwoblèm, l ap nan yon lòt.
Se pa avèk yon sèl dwèt ou manje kalalou. Lè gen anpil moun met ansanm li posib pou nou reyisi pi vit.
Bèf la pa di/di jaden an mèsi.
Chat mawon antere poupou yo .
Se pa giwoyèt la ki chanje, se van an.
Lè yon moun ki refize lòt gade l osinon li di w gade l twòp :moun nan itilize pawòl sa.