Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Kanpe sou bwa kwochi pou koupe yon bwa dwat

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1919 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Bourik chaje pa kanpe

Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.

Sak vid pa kanpe

Lè yon moun grangou epi l bezwen manje li vle fè egzijans pou sal bezwen an li sa w itilize pawòl sa.

Kanpe sou bwa kwochi pou koupe yon bwa dwat

Kanpe sou yon planch kwochi pou koupe yon planch/branch/pyebwa dwat. "Mwen kenbe sa m genyen pandan m ap vize yon bagay pi bon."

Tanbou rete dansè

Tanbou a ap kanpe, dansè a rete. "Ou dwe swiv moun k ap montre w chemen an; lè l kanpe, ou kanpe tou."

Bosi pa bwè dlo kokoye kanpe

Yon moun dwe konnen kijan pou l adapte ak sikonstans li.

Oungan ba ou pwen; li voye ou kanpe nan kafou a minuit, men li pa voye ou monte kokoye ak soulye

Itilizasyon bon sans.

Lè mwen kanpe, yo va wè longè mwen

Y'a wè ki wotè mwen vrèman.

Si chat pa t santi fòs li, li pa ta kanpe sou pyebwa pou l vòltije nan falèz