Sèpan an di li viv sou moun ki neglijan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pye bwa ou pa bezwen an, ou pa make/dekore yon bag sou li.
Moun ki swe pou ou a, se pou li ou chanje jip. "Moun ki te fè ou byen an, ou menm tou ou dwe fè l' menm jan an tou."
Pa gen anyen ki bay anyen.
Vrè lanmou pa bay detay enpòtans. Lanmou avèg. Ki moun ki bay sa enpòtans si li vyèj ou pa!
De moun avèg pa tire zo.
Yon moun ki friapòt k ap chache zafè l ap jwenn ak zo grann li kan menm. “Moun k ap chèche yon bagay ap jwenn li.” OSWA “Si w ap chèche pwoblèm, w ap nan pwoblèm. Moun k ap mache pa janm dòmi grangou.”
Yon moun k ap prete li dwe toujou panse pou l ka remèt sal te prete a ak kè kontan.
Lajan atire lajan. Moun rich yo gen tandans vin pi rich.
Se yon ti chemen ki mennen nan lanmò.