Twòp ri fè moun kriye.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou montre se li ki ba w valè ak bagay ki nan men ou lan.
Yon sèl kabrit gate tout twoupo a/bann nan.
Lafimen an p'ap janm ka chase mèt kay la deyò.
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
Kote ki gen dife, gen dlo tou. “Sonje sa: Dlo ka konbat dife. Fè atansyon!”
Li pran tout kalite... Moun entelijan pa t ap genyen l fasil konsa si se pa t pou moun sòt.
Lè de moun ki entèlijan rankontre.
Pa mare bouch bèf la pandan l ap rale kabwa a. Ou p ap reyisi fè sa.
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.
Twòp konesans fè yon moun sòt. “Kòman yon moun ki gen konesans sa a ka konpòte l jan l ye a?”
Sa ki nan tèt mwen, se pa nan pye mwen li ye. "Mwen gen ase bagay pou m reflechi kounye a."
Ou wè ti pay ki nan je lòt moun, men ou pa wè gwo bout bwa ki nan pa ou la.
Yon moun ki gen gwo mwayen se difisil pou yon moun ki pòv viv ak moun ki gen gwo mwayen an.