Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se grès kochon an ki fè kochon an fache. " Biznis la pa ka kontinye san tèt li." oubyen " Se pwofi entèn ki envesti nan menm biznis la ki lakòz pwogrè."
Plat la ale lakay kiyè a, kidonk kiyè a dwe ale lakay plat la tou. Resipwosite nan relasyon yo
Frajil !.
Si ou fè wi ak tèt ou, ou p ap kase kou ou. Ok?
Pale anpil mennen nan opozisyon/goumen.
Fòk ou pa parese pou ou ka travèse wout difisil sa se posib pou jwenn rezilta fwi travay ou.
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Sa m wè pou/kont ou, nèg Gine a/voyan an pa wè l. Ou pral nan gwo pwoblèm.
Twa jou sanble youn ak lòt, men yo pa menm bagay.