Yon moun k ap fè pwojè pou desann lòt la poutan sa l ap fè a ap detwi pwòp vi pa l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lajan pale.
Ou pa janm konnen ki kote dlo pase pou l antre/kijan dlo rive nan tij kalbas la. "Gen anpil bagay ou panse ki enposib men ki pa enposib."
Yon ti kras ale yon chemen long.
Sitwon vèt la ka/konnen kijan pou l tonbe, li kite sitwon mi an. Pa sezi sa ki ka rive. Jèn yo ka mouri anvan granmoun yo.
Wè oswa pa wè, antèman an se pou katrè. "Kèlkeswa sa k rive! Antèman a katrè apremidi. " Kit ou konnen l kit ou pa konnen, antèman an fikse pou 4è apremidi. Kèlkeswa sa nou fè, nou pa ka evite sò nou/chanje destine nou. Sò nou sele epi l ap tann nou.
Yon moun afèl pa t bon afèl vin bon se ak anpil pèn pou jere sal genyen.
Si ou pa t ap fikse m, ou pa t ap remake mwen t ap fikse w.
Yon fwa yon krapo chape nan bouch yon koulèv, koulèv p ap janm pran l ankò. Yon fwa yon moun chape anba yon danje, y ap pran prekosyon avè l nan tan kap vini an.
Sa montre ke se posib kèlkeswa yon moun kapab viktim.
Yon moun ki pran echèk sa ka fè w pran prekosyon pou vanse nan chimen ou.
Pran prekosyon lè w ap viv ak moun ki renmen pini e kritike.
Pèdi, ta ka byen pèdi nèt.
Konparezon se yon bagay ki detestab. "...pa reprezante yon rezon valab. Ou pa ka pwouve anyen ak senp konparezon."
Chak chaj gen pwòp kousinen chaj cotta/tòde li.