Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Apre dans, tanbou toujou lou

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #158 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Apre lamès, se vèp

Apre lamès la gen vèp. "Apre lajwa gen tristès."

Mwen pa renmen pantouf apre lapwomnad

Mwen pa renmen soulye kay la apre pwomnad lè yon lòt moun mete l. "Mwen pa renmen soulye moun sèvi avè l ankò." ...apre yo fin itilize/fini chire.

Kabrit fin manje jaden; apre ou al rele bare

Fèmen pòt etab la apre yo fin vòlè bèf la.

Se apre batay, ou konte blese

Se apre batay la, ou konte blese yo. Lè tout bagay fini, ou ka tire kèk konklizyon.

Apre yon tan, se yon lòt

Apre yon ti tan, bagay yo chanje. Bagay yo chanje avèk tan. Jowel Tan yo chanje.

Aprè pote, vach pa chè

Lè yon fi fè pitit deja epi yon lòt pran l li pa nesesè pou l fè gwo depans.

Apre dans, tanbou toujou lou

Apre dans lan, tanbou a toujou lou. Apre plezi a, toujou gen travay di a.

Mwen pa renmen pantouf k ap fè pwomnad

Yon moun ki pa vle aprè li fin pase mizè nan yon bagay li di wi aprè li gen bezwen l ankò.