Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Sa ki pa touye ou, li angrese ou

Si li pa fè mal, li kapab gen yon leson oswa yon byenfè ladan l. <br>Yon lòt ki sanble avè l: Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt.

Je wè, bouch pe

Je a wè; bouch la anpè/an silans. Kiryozite se natirèl, men diskresyon tou.

Chik pa janm respekte pye gwo mouche

var: Chik pa respekte mèt bitasyon.<br />exe: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.