Tripotay san sans.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon Espayòl/Dominiken sou kay la! "Fè atansyon! Gen yon vòlè bò kote nou." Moun yo ap koute nou. Silans.
Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.
Lè moun gen difikilte pou achte yo pa dwe gen énmi men se chita pale sou pri a.
Se pa tout pale ki gen sans.
Moun ki pale anpil la mouri, moun ki trankil la ap toujou viv. Pale twòp ka mennen nan pwoblèm, alòske silans souvan pi an sekirite.
Gen anpil bagay pou pale, men pa nenpòt ki lè. Gen anpil bagay pou di, men pa gen tan pou di yo.
Palet ti fi bò larivyè a p ap devwale pa pagay rad la.
Yon koze ki te nan lari deja epi yon moun ap pale pawòl la san li pa met dlo nan bouch li.
Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.
Lè yon moun gen yon malè rivel li pa konn kileès ki la koz epi moun ki te fel la vle di se li menm ki te koze sa.
Se lè gen diskisyon zanmi gate osinon lè gen pwoblèm ou konn tout koze w ap konn tout sa moun ka fè.
Lè yon koze tout moun konnen e ki ta pale yon kote sekrè moun ki konnen pawòl la li konn di pawòl sa.
Yon moun ki kwè yon lòt moun ka di yon koze osinon yon moun ki kwè pa gen anyen l pou l pa ta di.
Ou dwe pale tout koze san fè tripotay epi tout sa w ap di fòk ou pran prekosyon.