Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun ki ede ou achte yon chwal ki gen gwo vant pandan sezon lapli a p ap ede ou ba li manje pandan sezon sèk la.
Jan ou vini an, se konsa y'ap resevwa ou. Jan ou aji a, se konsa y'ap trete ou.
Yon moun ki fè jouk tan li jwenn ak move bagay ki pa kapab sipote.
Se pou egzòte lòm pou yo pata kwè yo wo pase lòt moun pou yo ka aprann modesti yon ti kras.
Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.
Lè fanm ap fè tripotaj, gason yo rete deyò.
Mwen vin bwè lèt men mwen pa vin konte ti bèf yo. Ann pa vire do ban nou. Ann ale dwat nan pwen an.