Yon moun k ap bat pou l kraze yon moun se posib li ka pèdi ni moun nan ni sal ap espwate nan moun nan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki vle bay yon lòt sipriz.
Si koulèv pa t tèlman awogan, medam yo ta fè riban rad avèk yo. Nou ta sede plis toujou bay vis si yo pa t danjere tou. Se sèlman danje ki anpeche nou fè pi gwo lanvi yo.
Yon ons prevansyon vo yon liv gerizon. Hall 1953 ekri Ti bouton se chemin gwo maleng .
Kote gen anpil medizans, pa gen anyen ki fèt.
Yon moun ou bal anpil enpòtans epi ki soTi poul depase nivo apresyasyon ou ba li a pou l ta fè w tounen sapat pye.
Yon moun ki gen posiblite pou jwenn ak zo grann li lè l anmède kòl twòp.
Bonè se pi bon konpayon ou.
Ou ka ri nèg ki kout la paske l ap toujou kout, men nèg ki pa gen kòb la ka rive yon jou.
Youn pa pi bon pase lòt la. Yon fwa ou se yon bourik, ou toujou se yon bourik.
Ranje kabann ou anvan dòmi antre nan je ou.