Pwovèb 1:7 - Labib, Tradiksyon Monn Nouvo
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen konesans ki depase konesans. Toujou gen plis pou aprann.
Twòp konesans fè yon moun sòt. “Kòman yon moun ki gen konesans sa a ka konpòte l jan l ye a?”
Konesans difisil, entèlijans koute chè. Toujou gen yon moun ki pral depase w .
Twòp konfyans ka fè moun ki konnen pi mal. Lafwa pi bon pase konesans.
Ou pa dwe kwè w byen asire anyen mal pa kapab rivew.gen kèk bagay je pa ba w ni konesans ou.
Se pa tout moun ki sipoze gen konesans ki genyen.
Eksperyans depase konesans.
Konnen tout bagay pa fè ou entelijan. – bon jan itilizasyon konesans
Ou dwe pwonmennen toupatou pou wè krab dekore a. Eksperyans pote konesans ak konpreyansyon.
Yon moun ki konnen plis pase ou gen avantaj sou ou. Sa ou pa konnen KA fè ou mal. Konesans se pouvwa.
Konesans pi gran pase richès.
Se nan goute, ou konnen gou ki dire lontan an. Se nan goute, ou konnen vrè gou a. Se nan goute, ou konnen sa goute vle di. Se lè w goute ou konnen ki gou yon bagay genyen. Se lè w goute ou vin gen konesans. Pratik fè pafè.
Yon moun ki konn fè yon bagay menm si li vin granmoun l ap toujou gen konesans de metye a.
Yon moun pa janm ka gen twòp konesans.
"Kite moun sòt yo kontinye pale anpil; moun ki saj yo konnen konesans gen yon pri."
Ou montre/anseye makak la kijan pou l voye wòch, premye moun li kase tèt la, se ou menm. Yo vire konesans ou te ba yo a kont ou.
Pànye konesans lan pa janm twò plen. Ou pa janm konnen twòp.