Bon Nouvèl Oktòb 1973, paj 14
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa pou yon ti zo mwen dwe rann omaj a yon chen. Pa rabese tèt ou.
Jou gwo dife a , w ap wè konbyen fatra ki nan yon kay.
Lè w ap tann soupe lakay yon zanmi, ou pral kouche ta.
Si moun nan te ka fè li t ap fè tout bon men domaj li pa kapab.
Griye se yon bagay, bouyi se yon lòt bagay.
Nesesite pa gen lalwa..
Lòm pa anyen menm si ou wè l l ap fè granpanpan.
Twòp nan yon bon bagay se twòp.
Dlo lacho a blan, men se pa lèt. "Tout moun ki sanble ak zanmi pa nesesèman zanmi."
Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."
Moun ki bon ki soud yo tande tanpèt k ap fè raj nan kè yo.