Bonè se pi bon konpayon ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun ki vrèman bezwen dife ap fouye dwèt li nan sann lan pou l jwenn li.
Ti branch/branch ou pa wè a, se li menm ki fouye nan/kape je ou a.
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Si yon bagay rive yon manm nan fanmi an, lòt yo afekte.
Yon djondjon pouse kote li vle, menm anba nich poul nan yon pyebwa.
Yon moun ki konn abitye fè yon bagay menm si l gen lontan pa fè l li pa fasil pou l bliye sal te konn fè a.
Fòk gen de klòch ki sonnen pou ou ka konnen sa k ap pase nan legliz la. Li pran plis pase yon pèspektiv pou ou ka wè tout bagay.
Sa ki nan vant ou a, se sa ki pou ou.
Yon moun ki nan yon sityasyon epi ki gen posiblite pou malè rivel.
Lè ou pa gen manman, ou pran swen grann. Siviv, debouye w.
Kabrit la manje kann lan, men ti leza a mouri.
Sa ki la jodi a ka pa la demen.