Sousi yo te la anvan bab la, men bab la vin blan anvan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa pou bèl plim paon mwen pral achte l.
Si bagay twòp pouw li t ap bon si w ta mete l atè pou evite twòp tèt chaje.
Avèg la pa janm menase pou l kalonnen w ak wòch si li pa gen wòch la nan sak li.
Chen an, ki anvi pran premye kou a, li pran kou/baton an. Si w twò prese, ou pral blese.
yo . Gade moustik ki nan je lòt moun olye de gwo bout bwa ki nan pa ou a (gade Bib la).
Chen ou fè byen avè l/ou pran swen l lan, lè l fache, se ou li mòde.
Ou toujou santiw pa alèz lè yon moun ap repwochew pou sa w fè ki pa bon.
Leta pa okouran de pwoblèm pèp la.
Se de fanmi rich ki mete tèt ansanm, anjeneral maryaj. Moun rich yo rete ak moun rich yo.