Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Avèg la di ou l ap ba ou yon kou ak yon wòch; si l pa nan men l, se anba pye l li ye.
Pa bay bèf la mizo pandan l ap rale kabwa a.
Gen plizyè fason pou manje manyòk anmè pou l pa touye w. Gen plizyè fason pou rezoud yon pwoblèm.
Sòsye a pa ka reprimande moun ki fè mechanste nan domèn Vodou.
Ede Bondye; Bondye ap ede ou.
Li pi bon pou lènmi ou mouri pase pou ou mouri.
Chak travay gen moun espesyal ki pou fè l ou gen dwa fè l li pa bon osinon li pa bon pou w.