Lajan fè wout kote ki difisil.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nan tèm sa a: 23
Tank yon bagay lwen je, se tank li jwenn mwens swen.
Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Boutèy la dwe plen nèt anvan yo bouche l. Charite kòmanse lakay.
Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.
Yon moun ki mèt dwe sèvi avan lòt moun ki deyò yo.
Moun afè bon pa konn soufrans moun k ap manje mizè.
Ak sa w abitye, se li w konnen.