Deprecated: Creation of dynamic property Context::$subModule is deprecated in /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php on line 142
Kiyès ou ye? | Creole101 Powèm
Creole101 Logo

✍ Powèm

Kiyès ou ye?

Pitt

👁 265584 vizit Pasyon
Lè je m tonbe sou lonbray ou
Se menmjan van retire pay
Gade w kap pase eksite loray
Vit bese tèt kouri chèche sizay

Si map manje ou fenk parèt , map trangle
Si w touche m vle pa vle m pa ka pa tranble
Tout kòm likid m dyare menm nan ble
Lage m nan fon lanmè m retounen tou ble

Malgre m malad souvan nan janm
Devan w nanpwen gason ki gen ganm
M mèt ranje kòm pran tout sanm
Wa di m pran lapoula nan piman ak jenjanm

Pale w tèlman siwo li degoudi zòrèy
Je m vire lanvè m resi pèdi yon fèy
Tout kòm ap ret tann ou nan yon bèl akèy
Jouk ou pran m nèt pou yo rele m move pèy

Lè w souri banm lajwa pran m , m fè gwo rèl
Toupatou chèche fouyapòt ak makorèl
Je yo sòti , siflèt ak banbou tonbe pou ou ki bèl
Tripotay gaye , polemik yo kouri met kèl

Pou w ka wè m fè tout , pase kòd nan kou pou m pann
Kouri al nan kizin bwote nan figi m sann
Pa fòs m kouri manje kann
Si w pa okipe m ak fawouch m vann.
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Nan zòn lakay

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Kòmantè Facebook


Warning: Cannot modify header information - headers already sent by (output started at /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php:552) in /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/ht/powem/powem-router.php on line 15
FATAL/SHUTDOWN ERROR:
Array
(
    [type] => 8192
    [message] => Creation of dynamic property Context::$subModule is deprecated
    [file] => /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php
    [line] => 142
)


REQUEST_URI: /ht/powem/powem-8
SCRIPT: /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/ht/powem/powem-router.php