Creole101 Logo

✍ Powèm

Èske sa a se lanmou?

louis

👁 496419 gade Amou
Ki sansasyon sa a?
M santi l lajounen kou lannuit.
Li fè m tranble k'on fèy bwa.
Li pa fè m byen menm non.

Kilè l te kòmanse?
Kilè l ap fini?
Kijan lavi nou pral ye?
N ap senpleman ret zanmi?

Poukisa m santi l
Lè mwen avèk ou?
Li fè kè m ap sote
Ou santi l menm jan an tou?

Zanmi m yo di sa se lanmou .
Petèt se vre wi doudou.
Genlè mwen damou.
Se sa a mwen santi pou ou.
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Poukisa

✍ Maggy Reed

Choukoun

✍ Oswald Durand

Kòmantè Facebook