Creole101 Logo

✍ Powèm

Lyon ak bourik

Oswald Durand

E konpè lyon pa te grangou.
Kan li konsa, lan pwen bèt
Kòm li pou jenere, onèt.

Lan pwen ditou.
Sete jus lè bourik pike yon tèt
Lan yon ravin, li naje.

Bichi! Twou la fon, pye li angaje
L ape neye. Ou ki konèt kòman bourik kapon
Ou pa mande rele!
Se moman t ap pase.
Li pran likou bourik, li mete dehò; e sitou, Konpè lyon pa te grangou!
Frè bourik te fini mouri
kan li sòti,
Li souke gran zòrèy li
De gwo teta tonbe atè!
Ou wè bourik te fini mouri!
Alò pou li pa di mèsi.
Li di kòm sa: "Tonnè,
Frè lyon! gade kòm ou deranje mwen
mwen t ape fè lapèch,
Gade bèl pwason! Kanpèch,
Ou t ale pase pi lwen?"
Adye! pou mwen pa di tout
A pa pito konpè lyon te grangou.
🎭 Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Kòmè Lasigal ak sò Foumi

✍ Georges Sylvain

Si l te avèti m

✍ Cathie La Poetesse

Leson Gramè

✍ Georges Castera

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Nan zòn lakay

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Kòmantè Facebook