Creole101 Logo

✍ Powèm

Leson Gramè

Georges Castera

👁 70803 gade Lirik
Nou menm, pwèt, se tou nòmal
Lè nou pa jwenn mo,
Nou tete lang.

Lan lang Kreyòl la,
tout vè pa koupe,
men koupe
se vèb kreyòl
ki pi dous.

Lalin fè chive-m pouse,
lapli mete-m sou sa.
se tou nòmal,
lakay mwen,
vèb kanpe
derefize chita

Kòmantè Facebook