Creole101 Logo

✍ Powèm

Pouèl fanm

Georges Castera

👁 148467 gade Lanmmou ak maryaj
Pouèl fanm

ou kouché nan bra-m.
pouèl-ou, chéri, tankou fronmi fou.
y-ap grinpé tou patou:
sou jé-m, sou chévé-m
sou bouch mouin tou.

yo tèlman long.
se fèy kokoyé.
yo gayé,
yo fè-m égaré.

sou lanmè, pouèl ou tounin vouèl.
nan syèl yo tounin lakansyèl,
tou souèl tankou limyè zetouèl.

ay! chéri, lè janm ou louvri,
branch pouèl ou,
ou pa ta di oun ti rak boua
🎭 Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Èske sa a se lanmou?

✍ louis

Poukisa

✍ Maggy Reed

Choukoun

✍ Oswald Durand

Kòmantè Facebook