Creole101 Logo

✍ Powèm

Papye Jounal

Georges Castera

👁 71087 gade Kilti
Papye Jounal

papyé jounal, mouin di-ou mèsi tandé.
gras a ou, paròl pa bouch pèsé.
gras a ou nouvèl pa rive nan ti godé

zétoual sé marigouin nan syèl
yo ta kab koukouy tou
min gras a ou, jounal, érè pa ginmin laj
pou fout vi maléré palaviré.

papyé jounal sé ou ki fè-n konnin
lè van ap soufflé Jérémi
pyé boua pinyin lagé

papyé jounal, sé ou ki di-n
Izi-n Asko pa kachimbo.

o m-pa bliyé ou bouché trou!
papyé jounal, m-di ou mèsi pou sa tou.
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Lyon ak bourik

✍ Oswald Durand

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Èske sa a se lanmou?

✍ louis

Poukisa

✍ Maggy Reed

Choukoun

✍ Oswald Durand

Kòmantè Facebook