Creole101 Logo

✍ Powèm

Lè m te damou w

Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

👁 214361 gade Amou
Lè m te damou w
M te renmen lavi
M konn pran lari
Kou moun fou
Al resite non w
nan tout kafou
Non, renmen sa a pa t senesof
men sof... m te renmen w

Lè m te damou w
Tout ti griye mayi m
Se te pou n al fè ti chanmchanm
Kache anba lakou
manje l ansanm
Non, renmen sa a pa t senesof
Men sof m te renmen w

Lè m te damou w
M te konn sonnen klòch
Fè briganday nan tout vil
M dòmi nan legliz
M reveye m anba peristil
Non, renmen sa a pa senesof
Men sof m te renmen w...

Lè m te damou w
Mwen te konn mare sant ou
Bò kote m
Fè wout ou fè
Chèche kote ou ye
San rad, san sandal
Fè moun lari ap ri
Wi, mwen konnen renmen sa a pa t senesof
Men sof m te renmen w...

(Pawòl Mizik Magalie Jean Baptiste Wanga Nègès)
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Èske sa a se lanmou?

✍ louis

Poukisa

✍ Maggy Reed

Choukoun

✍ Oswald Durand

Kòmantè Facebook