Lè ou pa gen chans, menm kale pòmdetè ap koupe pye ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon chwal mèg pa ka sote an wotè.
Kote yon bourik mare, se la l ap manje.
Ou kouche sou po bèf la, epi w'ap pale l' mal!
Kanpe sou yon planch kwochi pou koupe yon planch/branch/pyebwa dwat. "Mwen kenbe sa m genyen pandan m ap vize yon bagay pi bon."
Ti bagay piti yo se yo k ap vin gwo.
Yon jèn moun pa gen dwa aji tankou yon jèn bèt.
var: a) Rat kay k ap manje pay kay. b) Rat kay manje panno kay. <br>par: Chik nan sann.
Si ou chita ou tande; si ou mache ou ap wè.
Ti kochon, ti san. "Ti kapasite, ti espwa." Ti kochon, ti pwofi. A chacun selon. sesyon mwayen . Nan men chak moun selon mwayen li.
Kabrit la di li se yon doktè; lè l ap mache, soulye l yo krake.