Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Chak jou, yo chanje papye nan biwo a. " Lavi a tankou dlo rivyè k ap chanje."
Dlo pote menm boul kanon ale; kalabas vid, kisa ou panse ou ye?
Ou ranmase tout enfomasyon ki posib avan ou pran desizyon e avan ou pran yon chemen ou pa konprann.
Bèl flè san bon sant. Bote fizik san okenn lòt bon kalite.
Lè yon moun byen abiye sa pa vle di li se yon moun serye pou sa.
Agaou di: si Bondye vle. Bondye gen tout pouvwa, menm pou lespri Vodou yo. JB Romain
"Pa gen anyen ki pi bon pase yon kire dant."
Paske yon moun renmen yon bagay pa vle di li rayi yon lòt.