Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.
Li difisil pou w kite yon move abitid.
Pou chak moun pòsyon pa yo.
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Yon moun k ap fè pwojè pou desann lòt la poutan sa l ap fè a ap detwi pwòp vi pa l.
Tout bèt/pwason nan oseyan an ka manje moun, men se sèlman reken an ki pote move non/repitasyon an.
Lapriyè sèlman itil nan yon sèten mezi.
Se moun ki andan lakay ou osinon ou menm ki ka di defow ak bontew.
Yon zanmi tout bon vre fè chay la pi lejè pou zanmil.
Gen yon remèd pou tout bagay eksepte lanmò. Chak pwoblèm gen yon solisyon eksepte lanmò.