Pa regrèt ou te di lamarye a bèl twò bonè. Pa fè kè ou kontan twò bonè; gade kijan bagay yo ap fini anvan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si w sere yon maladi w genyen, oswa yon pwoblèm ou genyen, ou pap ka jwenn remèd.
Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.
Gwo mal mande gwo remèd. Pwoblèm grav mande solisyon enpòtan.
Pi renmen m nan!
Lè yon moun gen yon bagay tou piti li rivel epi li pè se le sa a yo itilizepawol sa a yon moun itilizel pou menm bagay la tou.
De towo bèf pa rete nan menm patiraj.
Pran pòz ou gen twòp lespri konn rann moun sòt.
Fè yon bagay touswit - se tan olye de plas ki enpòtan isit la - RD.
Fason ou prezante tèt ou kòm yon moun ki amikal pi enpòtan pase ran.
Se sourit la ki montre/mennen chemen an nan twou li.
Yon moun k ap plede pale san l pa kapab fè anyen osinon ki pa gen konfyans twòp sou sa moun nan ap di a.