Plis bourik la ka pote, se plis yo chaje l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou montre kòman lang pale anpil, epi ki gwo dega lang ka fè
mak = sikatris. Pa fè yon bagay ki mal de fwa sou menm moun nan.
Lè yon gwo malèw sispèk ki vle tonbe pa gen enteresan se chache defann ou jan ou kapab.
Anvan te gen mayi, makak yo te antann yo menm jan an.
Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .
Se sèlman tèt la ki mete chapo a. Noblesse oblige .
Lè ou kout, sa pa vle di ou mwens gason.
Pa abandone fanmi ak zanmi pou moun ou pa konnen.