Se la petèt li ka jwenn ki chòy pou li viv kote gen manje se la kèk moun vle ale.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se nan moman difisil nou aprann anpil bagay.
Lè yon koup toujou ap diskite, moun bò kote yo di sa pou vle di "menmsi nou retounen ansanm , y ap goumen kanmenm." Soti nan Eva, 13 Desanm 2013
Aristide te itilize li an ekzil kòm yon apèl pou pèp Ayisyen an.
Pou montre kòman lang pale anpil, epi ki gwo dega lang ka fè
Wè oswa pa wè, antèman an se pou katrè. "Kèlkeswa sa k rive! Antèman a katrè apremidi. " Kit ou konnen l kit ou pa konnen, antèman an fikse pou 4è apremidi. Kèlkeswa sa nou fè, nou pa ka evite sò nou/chanje destine nou. Sò nou sele epi l ap tann nou.
Soti nan FB Judith Beliard pou ale nan Gwoup Zetwal , 11 septanm 2013
Li pa sifi pou kouri, ou dwe pati alè.
Yon moun ki fè yon bagay epi ou santi se pa moun ki fè l nan konpòtmanl.
Bèf la/towo bèf la di li pral sal patiraj la; se jis ke l li sal.