Si koulèv pa t tèlman awogan, medam yo ta fè riban rad avèk yo. Nou ta sede plis toujou bay vis si yo pa t danjere tou. Se sèlman danje ki anpeche nou fè pi gwo lanvi yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki renmen yon moun tout bon li pa bezwen konnen si moun nan pòv ou si l rich.
var: a) Kouto sèl ki konn sa k nan kè yanm. b) Sa k nan kè yanm se kouto k konnen l.
Lavi a se tankou yon kòd sandal; ou pa ka konte sou li.
Se nan dans ou ka di kilès ki bon dansè .
Yon zanmi tout bon vre fè chay la pi lejè pou zanmil.
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Ou krache sou mwen; krache mwen an ap tonbe sou ou.
Yon moun ki difisil pou pran nan pyèj ke nenpòt moun ka mete devanl.
Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou fè grandizè ak manje a.
Pànye konesans lan pa janm twò plen. Ou pa janm konnen twòp.